Programs / Konsèy pou Timoun ak Fanmi / Pwogram Klinik Nan-Sit


Pwogram Klinik Nan-Sit

Nou founi sèvis sante mantal pou timoun ak adolesan, ki gen laj 0-18, ak fanmi yo, ki nan risk pou plasman andeyò kay yo oswa ospitalizasyon ak egzijans sikoterapi plis pase yon fwa pa semèn. Nou founi sèvis dirèkteman nan kominote an, swa nan lekòl oswa lakay yo. Nou founi sèvis tou nan divès shèltè tankou Sant Asistans Pou Moun San Kay ak nan Vilaj la. Aktyèlman ICFH founi sèvis nan plis pase 170 kote tou patou nan Konti Miami-Dade la. Sèvis sa yo enkli:

- Terapi Pou Moun Apa
- Terapi Pandan W ap Jwe
- Terapi pou fanmi
- Terapi An Gwoup
- Metriz Konpòtmantal
- Antrènman Aptitid Pou Edikasyon Timoun
- Ansèyman Siko-Edikasyonèl

Finansman:
Medicaid, Medicaid HMOs, United Way, the Department of Children and Families, Miami-Dade County Public Schools, the State of Florida Kid Care, the Alliance for Human Services

Kontak Enfòmasyon:

North Dade:  Barbara Neustein, PsyD     305-685-0381   x 3006
Markenson:   Barbara Neustein, PsyD     305-558-2480  x 3006

Sunset: Alvaro Domenech, LCSW    305-274-3172