Programs / Konsèy pou Timoun ak Fanmi / Antrènman Aptitid Pou Edikasyon Timoun


Antrènman Aptitid Pou Edikasyon Timoun

Nou founi klas Antrènman Aptitid Pou Edikasyon Timoun yo pou tout paran nan kominote an. Nou ofri klas yo tout otou Konti Miami-Dade la County nan sit tankou nan sant ICFH yo, Lekòl Piblik Konti Miami-Dade, Sant Detansyon yo, Bibliyotèk, ak kliyan nan kay ICFH yo. Nou ofri klas jeneral yo pou paran ki gen timoun nan lekòl elemantè ak lekòl entèmedyè. Nou ofri kas sa you pou paran ki resevwa yon Lòt nan tribinal la k ap divòse ak paran ki gen timoun test depistaj te revele yo gen ADHD (Twoub Ipè aktivite Atansyon Defisit). Nou founi swivi pou Jesyon Dosye tou. Anplis, nan pwogram PREP, jan li dekri anwo la a, Nou founi klas Antrènman Aptitid Pou Edikasyon Timoun yo pou tout paran ki gen timoun ant laj 0-5 an ak klas sou devlopman timoun pou pwofesè jadendanfan yo. Nan pwogram TAPP an, ki ekri anba la a, nou ofri Antrènman Aptitid Pou Edikasyon Timoun pou jèn tifi ki ansent ak nan-risk..

Finansman:
The Alliance for Human Services

Kontak Enfòmasyon:

Markenson:  Isa Piloto-Baker, LCSW                         305-558-2480

Sèvis Siko-edikasyonèl yo disponib pou elèv lekòl elemantè ak lekòl entèmedyè kote pèfòmans akademik yo te afekte ak yon kondisyon mantal oswa emosyonèl. Sèvis yo enkli antrènman sou aptitid sosyal, antrènman so panse kritik, ansèyman motive, ak antrènman pou metrize kòlè. Nou founi swivi pou Jesyon Dosye tou. Program sa a limite pou kliyan sante konpòtmantal ICFH yo.

Finansman:
Medicaid, Medicaid HMOs, the State of Florida Kid Care, the Alliance for Human Services

Kontak Enfòmasyon:

Markenson:  Isa Piloto-Baker, LCSW                         305-558-2480