
Programs / Alfabetizasyon ak Devlopman Entelektyèl / ALL-ABOARD Inisyatif Alfabetizasyon Lafanmi
ALL-ABOARD Inisyatif Alfabetizasyon Lafanmi
Program sa a ofri yon korikoulòm alfabetizasyon konpreyansif pou fanmi ki genyen timoun ki nan laj 0 – 7 k ap viv avèk yo nan limit Lekòl Elemantè Riverside la ( Elementary School). Pwogram la konsantre so amelyorasyon preparasyon ak reyisit timoun nan lekòl yo, pandan li sipòte devlopman lang/alfabetizasyon paran yo. Pwogram sa se yon kolaborasyon inik lekòl prive-piblik ant Lekòl Piblik Konti Miami-Dade yo, Catholic Charities, Kominote Kolèj Miami (Miami Community College), Biwo Nasyonal Kibèn Ameriken (Cuban American National Council) la ak ICFH. Senk konponan pwogram yo se; (1) Edikasyon pou Adilt – paran patisipe chak jou nan klas ESOL pou Adilt yo; (2) Klas Pou Paran Sou Aptitid Edikasyon Timoun– Yon klas pou paran chak semèn ki ede yon vin pwofesè pitit yo ak patnè atanplen nan sistèm edikasyonèl yo; (3) Aktivite Tan Paran ak Timoun (PACT) – paran ak pitit yo patisipe nan aktivite chak semèn ki amelyore entè-aksyon fanmi an sou lang ak alfabetizasyon; (3) Edikasyon Timoun Bonè – Timoun ki gen laj pou ale lekòl anwole nan Lekòl Elemantè Riverside la. Timoun ki gen laj 0 – 4 ap resevwa swen gadri bonnè ak estaf kalifye sou-sit nan sant la epi (5) Vizit nan Kay – chak fanmi patisipe nan yon vizit mansyèl ki konsantre pou kreye yon anviwonman aprantisaj adomisil.
Kontak:
Marta E. Fernandez Tel: 305-687-2227